Fòtifye lafwa nou nan Jezikri ak Ekspyasyon l lan

Jesucristo y discipulos
Elder Alonso José L. Alonso

Prezidan Jozèf Fielding Smit pitit la te di Sovè nou an Jezikri se figi santral plan Sali a. Plan sa bati sou fondasyon lafwa nan Jezikri ak Ekspyasyon l lan.

Lafwa ki vrè a ankouraje nou pou fè volonte Bondye

Vrè lafwa sa fè ke nou avanse epi nou rive poze aksyon ki konstriktif, ki edifye lòt yo, pozitif ak li pote gwo benefis kòmsi nou te kapab vin genyen yon konesans komplè, nan lòt mo yo, se kòmsi nou te ta kapab vin konnen tout bagay.

Lafwa pa vle di nou dwe depann de Bondye, sinon o kontrè, nou dwe konfye nan Li ak nan Pitit Li a, priye ak anpil lafwa, avèk yon detèminasyon total pou nou aji pi vit ke posib lè nou fin lapriyè.

Si nou priye pou proteksyon, nou fè tout sa ki posib pou swiv règ sekirite ki genyen yo, nou evite danje epi nou mande enspirasyon pou nou genyen kapasite pou ka vijilan toutan.

Si nou priye pou genyen yon bon sante, nou fè tout sa ki posib pou obeyi ak lwa sante yo, epi nou fè tout sa ki ta dwe nesesè, pou nou kapab an sante epi genyen vigè. Si sante nou ta vin afekte, nou dwe sipliye pou èd diven pou nou ka retabli nou epi nou swiv tout entriksyon medikal yo, tankou se de sa li ta kapab depann pou nou vin an sante ankò.

Nan liv Mòmon an, nan Alma 32:21 li di: Epi men kounye a, jan li te di konsènan lafwa: lafwa se pa genyen yon konesans pafè de tout bagay; de fason ke si nou genyen lafwa, nou genyen yon esperans nan bagay ke nou pa wè yo, men ke yo se verite.

Genyen lafwa nan Kris epi aksepte l kòm Sove nou

2 Nefi 25:29. Epi an verite, kounye a, map di nou chemen korèk la se kwè nan Kris la epi pa nye l; epi Kris se Sen Izrayel la; se poutèt sa, se pou nou bese nou devan li epi adore l avèk tout pouvwa nou, lespri nou ak fòs nou, epi ak tout nanm nou; epi si nou fè sa, nan okenn fason yo pral rejte nou.

Genyen lafwa pou aksepte volonte li

1 Nefi 3:7 Epi li rive ke mwenmenm Nefi, mwen te di papa m: Mwen prale epi mwen pral fè  sa Senyè a te mande a, paske mwen konnen li pa janm bay komandman yo avèk pitit lezòm yo san li pa prepare yon mwayen pou yo kapab reyalize sa ke li te mande yo a.

Genyen lafwa nan Jezikri pou konnen pa mwyen Ekspiyasyon L lan peche nou yo kapab vin padone

Enos 1: 4-5 Epi nanm mwen te grangou; epi mwen te mete ajenou devan kreyatè mwen an, epi mwen te rele l avèk lapriye ki pisan anpil ak siplikasyon pou nanm mwen; epi mwen te rele l tout jounen an; wi, epi lè li vin lannwit, mwen te toujou kontinye leve vwam byen wo jiskaske li rive nan syèl la. Epi genyen yon vwa ki vin jwenn mwen, ki tap di: Enòs, peche w yo padone, epi ou pral beni.

Genyen yon kalite lafwa nan Jezikri ke nou kapab resevwa repons ak lapriyè nou yo

Mozya 27:14 Epi anplis zanj la te di: An verite, Senyè a te tande lapriyè pep li a, epi ansanm ak lapriyè sevitè li a Alma, ki se papa w; paske li te priye ak anpil lafwa konsènan  oumenm, pou ou te kapab vin genyen konesans verite a; se poutèt sa, se pou rezon sa mwen te vini pou konvenk ou de pouvwa ak otorite Bondye, pou lapriyè sevitè l yo kabab jwenn repons  selon lafwa yo.

Genyen yon gran lafwa nan Jezikri pou wè mirak yo

Moroni 7: 33 Epi Kris te di: Si ou genyen lafwa nan mwen, ou pral genyen pouvwa pou fè  kèlkeswa bagay ke mwen jije bon.

Genyen lafwa nan Jezikri pou atenn lavi etènèl

Moroni 7:41 Epi, kijan de bagay ke ou tap tann? An verite, mwen di w ke ou dwe genyen esperans, pa mwayen ekspyasyon Kris la ak pouvwa rezireksyon l la, nan li ou pral genyen pou ou leve ak lavi etènèl, epi sa se akoz lafwa ou nan li, selon pwomès ki te fèt la.

Familia

Epi finalman, genyen lafwa pou konnen laverite, ki baze pou resevwa konfimasyon verite liv Mòmon an

Moroni 10: 4, 5 Epi lè w resevwa bagay sa yo, mwen ta renmen ekzote nou pou mande Bondye Papa Etènèl la, nan non Kris la, si bagay sa yo pa verite; epi si nou mande avèk yon kè sensè, avèk yon bon entansyon, avèk lafwa nan Kris la, li pral manisfeste laverite de  bagay sa yo menm pa pouvwa Lespri Sen an; epi pa mwayen pouvwa Lespri Sen an nou pral konnen verite tout bagay yo.

Menm jan pa mwayen lafwa yo te fèmen bouch lyon yo, yo te ouvri chemen nan mitan rivyè  yo ak lanmè yo, yo te mete fen ak sechrès ak yo te pote pwoteksyon devan delij yo; se konsa tou nan lavi nou pa mwayen vrè lafwa nan Jezikri, nou kapab geri malad, reziste tantasyon, libere nou de abitid danjere yo, repanti nou epi fè yon chanjman nan fason nap viv la.

Si nou ta di ke nou genyen lafwa, sa ta dwe sonnnen byen fò atravè zèv nou yo.

1 Jozèf Fielding Smit, Ansèyman Prezidan Legliz yo, chapit 3: Plan Sali a