Tradisyon Familyal yo ki fòtifye nou (Haitian Creole)

Familia Juegan juntos
Élder Eduardo Gavarret Élder Eduardo Gavarret

 

Kèk mwa aprè nou te fin marye Norma ak mwen nou te ale viv nan zòn Asunción nan Paragway. Tankou jèn yo ki ranpli ak enèji epi anpil rèv nou te avanse menm lè nou rankontre kèk moman difisil. Nou te kòmanse viv nan yon ti chanm, jiskaske nou te vin jwenn mwayen pou lwe yon ti kay pou nou ansanm ak premye pitit nou an. Ti kay sa te genyen yon espas ki te byen laj nan fon an epi yon jaden devan l. Nou te santi se tankou nou te vin mèt mond lan. 

Nou kòmanse fè kote a vin bèl pandan nou plante plizyè pye bwa epi nou te fè yon vèje familyal. Nou te plante pye mango devan kay la, nou te pentire kòdon cloti a an blan. Pat genyen kòb pou nou te pran yon bòs pent pou pentire kay la, se konsa nou toulède a te pentire kay la epi nou te pran swen l menm lè li pat pou nou. Kay la te toujou pwòp, epi byen òganize. Se te yon refij. Yon espas ki genyen lapè kote timoun nou yo te pase premye lane nan lavi yo.      

Aprè nou kòmanse pentire kay la epi fè l bèl, vwazen nou yo te kòmanse fè menm jan an tou; nan yon ti tan tout zòn nan te genyen yon kòdon cloti ki pentire tou blan epi kay yo te pentire tou. Katye a te vin transfòme. 

Nan fim ‘’Vyolonnis sou tèt kay la’’, nou jwenn istwa Anatevka, yon ti vilaj imajinè nan Ikranya kote jwif ak òtodòks yo tap viv nan amoni. Nan ti pwovens sa Tevye tap viv la, machann lèt la, ansanm ak madanm li Golde ak pitit fi li yo. Kòm sosyete a ak tradisyon yo tap chanje Tevye reyini pitit fi li yo epi li eksplike yo poukisa yo genyen tradisyon yo epi li te di yo:

‘’Li sanble bagay moun fou, pa vre? Men isit la nan kominote Anatevka nou an, chak nan noumenm se tankou yon vyolonnis sou tèt kay la ki eseye ekzekite yon melodi grav epi senp, san nou pa kase tèt nou. Li pa fasil, se pa vre? Petèt nou ka ap mande nou poukisa nou monte la a, si li danje anpil… ; ebyen si nou monte se paske Anatevka se lakay nou… Epi kijan nou rive fè ekilib? Mwen kapab di sa avèk yon mo : Tradisyon! Tradisyon se sa ki te pèmèt nou gade ekilib nou pandan anpil, anpil lane… San tout tradisyon sa yo, lavi nou tap tankou yon vyolonnis ki sou tèt kay la.

Isit la nan Anatevka nou genyen tradisyon pou tout bagay, pou manje, pou abiye, pou dòmi… Epi nou ka mande asireman kijan tradisyon sa yo te kòmanse?

Ay mwen ka reponn sa byen fasil… mwen pa menm konnen kijan!

Men yo se tradisyon epi gras ak tradisyon nou yo chak nan noumenm la a konnen kiyès li ye epi kisa Bondye ap atann de li’’.

Antanke manm legliz la nou diferan ak tout rès mond la akoz konesans nou genyen de sa Bondye ap atann de noumenm.

Konesans sa ta dwe enspire nou pou avanse.

Mari a dwe reponn avèk bezwen fanmi an, li dwe yon bon travayè déjà nan Siyon ‘’Pa genyen plas pou parese.’’D&A 42 :42

Nou wè pafwa, nan fason kilti mond lan, fi a ap travay epi gason an ap  repoze oubyen li benefisye de travay li a; ke gason yo komande epi fi a obeyi ak sèvi li. Sa se pa kilti Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

‘’Epi, se te konsa, mwen menm Nefi, m te fè pèp mwen an vin travayè, e pou yo travay avèk men yo’’. 2 Nefi 5:17

Dokiman ‘’fanmi, Yon Proklamasyon pou Mond la’’ se tankou yon briz frèch yon aprè midi nan yon ete. Mari a ak madanm nan travay ansanm pou edifye yon fanmi pou Bondye.

Eldè Tom L. Perry te di:

‘’Pratik pou genyen tradisyon yo, ki se gwo patrimwan pou nou, dwe vin yon bagay ke tout fanmi dwe eseye kenbe vivan. Si nou mete tradisyon ki fò nan fanmi nou yo, limyè levanjil la pral briye toutan nan lavi timoun nou yo jenerasyon aprè jenerasyon. Nou pral tann avèk anpil dezi jou glorye sa kote nou tout pral ansanm tankou inite familyal etènèl yo pou resevwa lajwa ki pap janm fini an ke Papa nou ki nan syèl te promèt ak pitit jis Li yo. Aktivite nou yo ak tradisyon familyal yo kapab vin yon fa pou rès moun nan mond lan, tankou yon ekzanp kijan pou viv pou w ka merite benediksyon Li yo epi genyen lapè ak amoni pou rive jis jou Li retounen an pou gouvène ak renye sou noumenm.’’ (L. Tom Perry, abril 1990 CG)

Tradisyon yo, antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, ede nou pou konsantre nou sou sa ki genyen valè epi pou nou rejte lòt tradisyon yo ki diferan ak prensip levanjil la.

Kèk nan tradisyon sa yo se:

  • Mete nou ajenou chak jou pou fè lapriyè familyal
  • Etidye ansanm ekriti yo
  • Respekte jou saba a, konpòte nou korèkteman epi fè aktivite ki genyen rapò ak jou Senyè a
  • Vini nan reyinyon sentsèn, epi pran Sentsèn nan
  • Fè sware familyal
  • Jene chak mwa epi peye dim nou ak ofrann yo pou Senyè a.
  • Ale nan Tanp lan epi fè Istwa familial.

Lòt tradisyon yo kap ede nou tou pou rete lwen mond lan epi fòtifye fanmi nou ak anrichi lavi nou se : 

  • Genyen yon vèje familyal

<>·····Chèche sa ki pi bon pandan nap amelyore edikasyon nou

Pandan nap mete tradisyon sa yo sou pye chak fanmi dwe ajoute konsèy familyal, ki konpoze ak tout manm li yo pou ansenye timoun yo responsabilite ki nan baz yo nan òganizasyon familyal la kote nan fason sa yo kapab aprann kijan pou pran desizyon epi aji annakò avèk yo.

Koup ki pa genyen timoun yo oubyen sa yo ki ap viv pou kont yo pa ekzante nan devwa sa. Chak moun nan limenm se yon ‘’fanmi’’ epi tradisyon sa yo pral ede li pou rete konsantre sou sa ki enpòtan ak esansyèl. 

Nou dwe travay pou bagay sa yo ke nou espere genyen. Se ak sa ke prezidan Joseph F. Smith te refere l, li te aprann pou fè travay yon granmoun depi nan yon laj ki piti epi li te kite etik travay li a pou pitit li yo.

Li te di yo: ‘’Moun yo an general mouri nan kabann; epi se menm bagay la ki rive avèk aspirasyon nou yo’’. Avèk prensip sa nan lespri yo, li menm ak madanm li te eseye pou timoun yo te leve bonè nan maten epi yo te fè pati pa yo pou kenbe kay la pwòp epi òganize.

Prezidan Smith te ede tou avèk travay nan kay yo. Lè limenm ak madanm li an Louie te fèk marye, li te travay nan konstriksyon premye kay li a epi li aprann fè pi fò nan reparasyon ki genyen nan kay yo. Li te ede fè manje tou, epi li kontribye pou rekolte fwi ki mi yo epi pou kenbe yo fre nan bokal.

Ke lafwa nou nan Senyè a Jezikri kapab parèt òganize lè nou pratike tradisyon sa yo ki fè pati levanjil li a ki pral anbeli lavi nou ak pote limyè ki pou klere chemen nou vè Limenm epi se konsa pa sèlman pandan fen jounen an, men menm lè nap mache sou wout nou an nou kapab eksprime: ‘’Epi, se te konsa, nou te viv nan bonè’’. 2 Nefi 5:27