Pye Kwadèmisyon an Ayiti, te fè gradyasyon Seminè pou lane 2018 la (Créole haïtien)

Samdi ki te 22 jiyè 2018 la, pye kwadèmisyon an te gradye etidyan Seminè yo pou lane 2017-2018 la.

Aktivite sa te prezide pa presidan pye a, frè Kerving ansanm ak lὸt pawas yo, dirijan nan pye yo te la tou; ansanm ak frè Géthro Nérosil koὸdonatè pwogram Seminè ak Enstiti an Ayiti.

Jèn sa yo tankou Simon Stevenson, Judel Barthelus Ladouceur, Franska B. Mazile, Gérard Jean Mary Junior, Sagine Jules, Sariah Pierre, Lourbine jean Pierre, Slaiding S. Auguste, Bradley E. Prinvil, Clyde François, Jérome Kervens, Roosnold S. Fanfan and Rijkaad Semaxant, yo te konplete  kat ane etid seminè yo epi yo te resevwa diplὸm yo. Te genyen 62 lὸt jèn ki te resevwa sètifika paske yo te fini klas pou ane sa avèk anpil siksè. Yo te gen opὸtinite pou etidye Liv Mὸmon an pandan klas sa.

Prezidan Joseph te eksprime fyète l pou jèn nan pye a, li te di avni yo poko devwale, men yap atann anpil gwo bagay de yomenm. Jèn yo fèt pou dirije, yo pa ka kopye sou mond la, okontrè yo dwe montre mond la kijan pou yo viv. Prezidan an te wè efὸ kat ane sa tankou yon envestisman etènèl de paran yo, dirijan yo, koὸdonatè yo ak jèn yo pou fè yo rive kote yo ye kounye a.

Kὸm kounye a yo gen anpil kapasite, nap atann ke yo aji nan yon fason ki kὸrèk pandan yap aplike sa yo te aprann yo epi aprè pou yo ale fè yon misyon pou pataje sa yo te aprann nan seminè a. Tan nou te pase nan seminè a nesesè, paske kisa yon nonm kapab bay pou boukante nan plas nanm li? Ale lekὸl se yon bagay ki enpὸtan, etidye ekriti yo enpὸtan tou. Lik 2:47 di konsa tout moun sa yo ki te koute Jezi yo te sezi ak konpreansyon l ak repons li yo. Se konsa li dwe ye pou etidyan Seminè yo. Ke tout moun ki rankontre yo kapab sezi de konpreansyon yo ak repons yo. Yo gen bezwen etidye bagay akademik yo ansanm ak bagay spirityèl yo tou. Ane sa nan seminè nou te etidye Liv Mὸmon an pou nou konnen kijan pou vin jwenn Jezi pou nou ka sove ( 1 Nefi 15:14) liv sa se zouti ki ka ede nou retounen jwenn  sovè a.

Seminè yo se klas relijyon pou jèn ki gen 14-17 lane. Nan klas sa yo nou ansenye yo doktrin ak kijan viv levanjil la nan fason Sovè a. Seminè kὸmanse menm lè ak klas sekondè yo epi li fini lè epὸk sa fini tou. Jèn yo gradye epi yo resevwa yon diplὸm nan fen kat ane etid sa yo.