Mwen menm tou m Endekse… e oumenm ou kapab fè l tou! (Créole haïtien)

Nou retounen genyen katryèm edisyon kanpay ‘’Mwen menm tou m endekse’’, pou peyi sa yo ki se Repiblik Dominikèn, Pòtoriko ak Ayiti. Kanpay la kòmanse 30 jen epi lap fini 31 jiyè 2019 la.

Tout manm yo nan peyi kap patisipe yo envite pou fè pati kanpay la, bi a se pou yo endekse ansanm epi abitre 800,000 mil nouvo non.

Tout manm yo ki genyen dezi pou patisipe kapab ini yo pandan yap endekse depi lakay yo, atravè dispozitif mobil yo oubyen depi nan sant Istwa Familyal yo nan pye pa yo a, nap rantre nan paj familysearch.org, nou prale nan lenk endesaksyon an Indexing. Si nou ta vin bezwen èd, konsiltan Tanp ak Istwa Familyal yo nan pawas yo ak branch yo pral asiste nou nan pwosesis aprantisaj la.

Nou envite espesyalman jèn yo nan Legliz la pou yo patisipe epi envite zanmi yo, talan yo nesesè pou atenn bi a. ‘’Mityèl espesyal yo’’ pral yon sèn pafè pou yo kapab reyini avèk antouzyas epi travay nan kanpay la.

Lè nou fèk kòmanse, endeksasyon an, pral parèt tankou nap rantre enfòmasyon ki sanble anpil, men lè nou kontinye travay nou pral santi kijan aktivite sa pral beni nou, ansanm ak fanmi sa yo ki pral kapab jwenn non zansèt pa yo a ak moun sa yo ki deja mouri yo.

Pi devan, nou sigjere n kèk ide ki pral itil nou pou endeksasyon an kapab vin tounen yon eksperyans espirityèl ki satisfezan.

  • Kòmanse avèk yon priyè.
  • Elimine distraksyon yo, ladan yo genyen televizyon, rezo sosyo yo oubyen mizik ki pral anpeche enfliyans Lespri a.
  • Endekse avèk fanmi nou oubyen zanmi nou yo. Sa pa pral sèlman ede nou pou rive li mo ki difisil pou li yo, sinon petèt li pral ouvri pòt pou nou kapab pale de pwòp istwa familyal pa nou.
  • Sonje chak non nou endekse reprezante yon lòt moun ke desandan li yo ki vivan ta kapab jwenn epi yo ta kapab fè òdonans tanp yo pou li pa mwayen yon reprezantan.
  • Toujou mete nan tèt nou Senyè a pral ede nou. Pa mwayen Sovè a, nou kapab simonte kèlkeswa difikilte ki ta kapab parèt nan endeksasyon an (gade 2 Korentyen 12: 9-10).

Nou envite nou pou patisipe epi pataje eksperyans nou yo atravè rezo sosyo yo, pataje foto nou yo oubyen videyo yo pandan nap endekse, itlize achtag #Mwen menmToumEndekse, #Yotambiénindexo. Pou nou kapab konnen konsènan sak pase pandan tout mwa a nan kanpay la vizite paj Facebook Mormon.Caraibes.

Sonje, plis pase kèk non sou yon papye, se istwa yon moun ki gen dezi pou yo kapab jwenn li.

Mwen menm tou m endekse e oumenm, ou kapab fè

Image Banner