Fenèt pa m nan syèl yo (Créole Haïtien)

Chak ane depi nan mwa oktὸb, yo kὸmanse avèk ajisteman anyèl dim yo. Jan sa fèt se lè nou pran yon randevou avèk evèk la, pou yon antretyen kote yo pral revize rejis don nou te fè yo pandan tout ane an kapab an konfὸmite avèk rejis pa legliz yo.

Dim yo se yon ofrann ke Senyè menm mande, depi nan tan lontan nan objektif pou etabli ak edifye wayὸm Li isit la sou tè a.

Ekriti yo anseñe nou ke Papa nou ki nan Syèl la deja dispoze pou rekonpanse nou, pou kalite obeyisans sa nou montre a “… Epi map devèse sou nou yon benediksyon kote nou pap genyen espas pou mete l” (3 Nefi 24:10).

Tout man legliz yo (menm lè yo te peye dim ak ofrann pa yo oubyen non) jèn yo ak adilt yo (ansanm ak timoun yo tou) dwe asiste nan antretyen sa avèk fanmi yo.

Kile?

Depi 15 oktὸb jiska 31 desanm.

Sa ki nouvo

Legliz la te kreye yon opsyon pou “Istwa don yo” nan paj LDS.org la kote ou kapab wè selon entèval dat yo ou ka chwazi don aktyèl yo ak sa nan pase yo.

Pou nou kapab rive fè sa swiv etap sa yo:

  1. Rantre nan paj LDS.org la epi klike oubyen apiye sou lenk ki ekri kont mwen an ak pawas mwen an.
  1. Klike oubyen apiye sou Don yo.
  1. Rantre nan sistem nan avèk non ke nou itilize a ak modpas kont LDS Account nou a (si nou pa genyen l itilize lenk sa Ënskri pou nou ka genyen yon kont LDS Account¨).
  1. Klike sou pati a goch la sou Istwa don yo.

Nou kapab rantre dirèkteman nan: http://www.lds.org/donations pa bliye chwazi lang pa nou an nan konfigirasyon an.

Eldè Walter F. González, prezidan Entèrejyon Karayib la pataje avèk nou temwanyaj li: ¨Mwen konnen ke lè nou peye dim yo ak ofrann yo sa ouvri fènèt ki nan syèl yo epi sa aktive benediksyon nou yo. Se yon fason pou nou elve nou pou viv nan nivo privilèj nou yo. Mwen konnen Bondye ap viv. Mwen konnen ke Li se yon Bondye ki vrè, Li fè sa ke li  pwomèt¨.

Image