Eske nou prè pou pataje levanjil la? (Créole haïtien)

Amigas
Eldè Jose L. Alonso
Eldè Jose L. Alonso

Nan dat 3 jen 2018 la, Prezidan Russel M. Nelson ansanm ak madanm li, Wendy W. Nelson, te envite tout jèn yo nan Legliz la pou ‘’angaje yo sou lis batayon jèn yo pou Senyè a’’ epi fè pati nan ‘’ pi gwo defi, pi gwo koz, ak pi gwo travay sou tè a.’’

Defi sa se ‘’rasanbleman Izrayèl la’’.

Eske nou prè pou vin rejwenn nou epi fè pati pa nou?

Senyè te prepare tout mwayen pou fè travay Li a epi Li pral ede nou lè nou fè efò pou pataje Levanjil la avèk lafwa. Sa yo se kèk trè bèl pwomès pwofetik!

Nan parabòl ti mouton pèdi a nan Lik 15 :4-6, Sovè a ansenye kèk prensip ki kapab ede nou pou patisipe pi aktivman nan travay misyonè a. Mwen konnen pa pwòp eksperyans pa m prensip sa yo fonksyone trè byen. Yo se : 

  1. Idantifye,
  2. Chèche jiskaske nou jwenn,
  3. Envite pou Vini
  4. Envite pou Ede
  5. Envite pou Rete
  6. Santi lajwa

Idantifye :

Nan tout moun sa yo ke nou konnen yo, kiyès ki vrèman bezwen bnediksyon Levanjil la? Fè yon lis, medite sou li, lapriyè pou enspirasyon epi priye plis ankò pou resevwa konfimasyon, konsènan ki  moun nou pral kontakte pou ke fi sa oubyen gason sa a kapab vin konnen Levanjil Retabli Jezikri a.

Chèche jiskaske nou jwenn:

Yon fwa nou konnen kiyès pou nou envite, panse nan tout fason pou fè sa. Pa abandone. Refè sa epi refè l ankò, epi refè l toutotan li posib ankò. Chèche gidans Papa Nou ki nan Syèl la pou jwenn ki pi bon fason pou pataje Levanjil la avèk nenpòt nan moun ke nou te chwazi yo.

Envite pou Vini:

Nan moman sa nou bezwen fè plis envitasyon pase tout lòt lè avèk entansyon ke moun yo kapab ‘’vini ak wè’’. Envite yo san nou pa pè, envite yo avèk kalite devouman sa ke moun yo pral santi enterè akoz antousyas nou epi dezi sensè pou pataje sa ki genyen gwo valè pou nou avèk yo. Envite yo plis pase yon fwa epi nou pral kapab viv bèl eksperyans avèk chak moun nou envite.

Envite pou Ede:

Tout moun genyen gwo dezi pou fè sa ki byen, envite yo pou ‘’vini ak ede’’. Genyen anpil aktivite sèvis ki byen enteresan ki kapab bay zanmi nou yo oubyen fanmi nou yo opòtinite pou santi yo  konfòtab, antanke fanmi oubyen menm lakay nou. Plis nou envite yo pou fè sa ki byen, plis yo pral genyen dezi pou aprann Levanjil la.

Envite pou Rete:

Kèlkeswa sikonstans yo, envite yo pou rete. Refè sa ankò epi otandefwa li posib, avèk anpil  devouman, avèk anpil lanmou, avèk tout dezi kè nou.

Eldè ak sè Dieter F. Uchtdorf nan Konferans Jeneral Otòk la, te di: Konprann ke se pa travay pa nou pou nou konvèti moun yo. Sa se travay Sentespri a. Travay pa nou se pataje sa ki nan kè nou epi viv avèk konstans kwayans nou yo.

Epi, pa dekouraje si yon moun pa aksepte mesaj levanjil la imediatman. Sa pa yon echèk pèsonèl. Sa se ant moun nan ak Papa nou ki nan Syèl la. Pati pa nou se renmen Bondye epi renmen pwochen nou, pitit Li yo.

Swiv etap sa, epi Bondye pral opere mirak li yo atravè noumenm pou beni bèl piti Li yo.

Santi lajwa:

Sovè a te di, ‘’Sonje nanm yo genyen yon gwo valè nan je Bondye. … Epi si ou travay pandan tout vi ou kriye repantans nan mitan pèp sa a, epi ou sèlman mennen yon sèl nanm banmwen, ala lajwa w ap anpil avèk li nan wayòm Papa m nan!’’ (D&A 18:10, 15)

Nou pa pral sèlman genyen lajwa lè nou wè zami nou yo, vwazen nou yo ak fanmi nou yo vin jwenn Legliz la. Nou pral genyen lajwa lè nou medite sou moun sa yo ki bezwen Levanjil la, lajwa lè nou priye pou yo, lajwa lè n ap chèche yo, lajwa lè nou ‘’envite yo pou wè, pou ede, epi pou rete’’.

Sonje, lanmou san sèvis se tankou lafwa san zèv. An nou Fè l! Epi mwen pwomèt nou ke lajwa nou pral anpil, epi benediksyon yo nan lavi nou pral tankou yon rivyè ki san fen ki soti nan syèl la.