Prezidans Rejyon Karayib la envite manm yo ak lidè yo nan zòn nan pou prepare yon Plan Ijans

Videyo

Ekriti yo anseye: 'Si nou prepare, nou pa dwe pe' (D&A 38:30). Prezidans Zòn nan deziyen mwa mas, avril, ak Me pou preparasyon moun, fanmi, pawas /branch, ak pye/ distri yo pou reponn apwopriye pou ijans ki ka rive.

Pi bon moman pou prepare pou yon ijans se anvan li rive. Sa ap mande aksyon endividyèl, tankou yon pwogram depo manje pèsonèl, kenbe yon twous ijans 72 èdtan pou chak manm fanmi, ak yon plan repons pou ijans fanmi.

Pou sipòte ou nan preparasyon plan ou, nou envite ou vizite sit ofisyèl zòn nan: caraibes.eglisedejesus-christ.org, kote ou pral jwenn materyel itil pou itilize nan fanmi an oswa nan nivo pawas la ak pye a.